Kesyon yo poze souvan
Konbyen tan livrezon an pran?
Pwodwi ki gen kòd livre touswit apre peman. Rechaj ekip nou an fè yo pran anjeneral 5 a 30 minit pandan lè travay.
Ki mwayen peman nou aksepte?
MonCash (otomatik) ak NatCash (ekip nou an verifye l). Ou ka peye tou ak bous Haiti Gaming ou.
Èske m ka retire lajan nan bous mwen?
Non. Bous la se kredi boutik: ou ka mete lajan ladan l, chanje ant HTG ak USD, epi depanse l sou Haiti Gaming.
E si kòmand mwen an pa pase?
Si nou pa ka livre, nou remèt tout lajan an nan bous ou epi nou avèti w.